NAN LAKOU’ N SA! GEN LAKOUN SA

Pou fèt Manman yo se te yon bagay fenomenal e ki make tout FANM ak MANMAN kite patisipe.

Ayè Dimanch lan nan Okazyon Fèt manman yo, Fondasyon Lakounnsa ki gen Nan tèt li Doktè Sanon te deside onore nan jou sa tout fanm ak Yon Klinik mobil, aktivite sa te plis fokalize l sou Fanm ki gen Pwoblèm « Kòlmatris » pou konsilte yo e ba yo bon jan tretman pou sa!

Aktivite sa te fèt pou resevwa plus pase 1000 Fanm nan jounen sa. Sèvis yo te komanse depi 7è nan maten jiska 4è nan laprèmidi. Plizyè pèsonalite politik te prezan nan kad aktivite sa, pami yo, ansyen senatè Deras Simons Dieusel, Ader Marcelin ansyen kandida pou Sena nan DEPATMAN Sant ak Direktè Depatmantal Sante Sant lan.

Nan menm kad aktivite sa, Fondasyon an te deside fè distribisyon yon latriye kit alimantè ak benefisyè yo ki te kontan jès la.

Plizyè Medya nan divès kote nan peyi a te reponn prezan pou te kouvri aktivite sila , tankou RTVC, Radio Eclair, Centre à la Une , HcNews, JpInfo Haiti, Ak KensonHaiti.

Selon temwanyaj benefisyè yo, sete yon jounen kite pote anpil bagay pou yo e yo pa sispann montre lajwa yo pou kalite jounen sa nan okazyon espasyal fèt manman yo.

Read Previous

SANS LANGUE DE BOIS NI XYLOGLOSSIE

Read Next

FACTEURS INFLUENÇANT L’ENGAGEMENT DES PARENTS DANS L’ÉDUCATION DE LEURS ENFANTS EN HAÏTI

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular