Mwen rele Syèk sa yo k ap dewoule la : Syèk Fanm. Sa te rann mwen fyè anpil paske se yon Fanm nwa, pitit imigran Kamala HARRIS ki rive te rive Visprezidan pou premye fwa nan istwa politik Etazini. Lè m te al fouye sou li, istwa li, pakou li, bilan li te fè m pi kontan toujou. M te kontan sa m te aprann de li yo. Sa te fè m kòmanse pran konfyans de kokennchenn Lidèchip li kòm fanm.
Jounen jodi, Prezidan Biden chwazi l pou ranplase l kòm kandida pou eleksyon ki pa lwen vini la yo. Lemond antye ap pale de sa nan medya. Wi se yon nouvèl ki enpòtan anpil pou pi gwo pisans nan mond la, men tou se paske se YON FANM, YON FANM NWA, YON FANM NWA IMIGRAN. Anpil opinyon fè kwè sa pa p janm fèt, pou pèp ameriken an kite yon fanm dirije l. Mwen menm mwen di si Obama kòm Prezidan nwa te elimine tradisyon ki te vle fè kwè Moun nwa paka vin Prezidan an, epi li fè 2 manda, m rete kwè Kamala ka brize mit sa.
Selon mwen menm, nou dwe atann nou a tout kalite pawòl piman bouk kont fanm nan bouch opizan Politik yo. Pou sosyete kote se gason ki sèl kòk chante yo, jiska konnya, yo ta plis swete FANM rete nan kay, fè manje, netwaye epi pran swen timoun yo. Yo pa fin kontan lè fanm gen Dwa pale, pale fò, fè gwo etid, alevwa pou yo ta oze fè politik epi nan pòs PREZIDAN ankò.
Menm jan Vigdís Finnbogadóttir ki te yon islandèz, te premye fanm ki prezidan nan mond lan nan ane 1980 a 1996. Kamala HARRIS ka fèl tou. M swete l jwenn plis konfyans pati Demokrat la ak plis sipò fanm tankou gason pou rive kote l swete an.
Lè se Fanm k ap dirije, ou santi diferans la, se pou rezon sa nou pa dwe pè bay Fanm dirije mond la. Lè Fanm parèt, parèt pou dirije, sa fè kè anpil moun sote. Kè yo sote paske Fanm ap bay plis rezilta. Men sa pa dwe fè polemik, depi se pou pwogrè yon sosyete, ni Fanm ni gason dwe kore Fanm, Fanm ki kapab yo.

se yon jèn Avoka militan nan Dwa Moun, ki fèt Grangwav. Kit se nan tribinal la, kit se sou teren an, li toujou pale an favè sa ki pa kapab yo, sitou sa yo ka yo deja pèdi davans yo. Mèt SAINVAL gen yon espesyalizasyon nan domèn « Criminologie et action humanitaire » li pran nan peyi Lafrans. Li gen anpil kapasite pou l konvenk, e li ekri ak tout nanm li kote tout moun ka konprann byen fasil. Li kwè anpil anpil nan Dwa Moun paske pou li tout kalite moun sou tè a gen Dwa pou yo viv tankou moun. Li pa pè okenn barikad pou lajistis blayi, paske Marie-Judith pa danse kole ditou ditou ak enjistis. Li tou se yon gwo defansè Dwa Medam yo. Li fyè pou l pale e ekri kreyòl.
