PWOSESIS SENBOLIZASYON AK ZAK VYOLANS NAN POLITIK ANN AYITI:  (YON APWÒCH SIKANALITIK SOU DISKOU POLITIK KÒM FAKTÈ DEZAS)

Nan politik Ayiti, diskou politik pa sèlman sèvi pou kominike lide oswa pwogram. Li souvan sèvi kòm zouti mobilizasyon emosyonèl, kote mo, senbòl, ak referans tounen zam ideyolojik pou mobilize, manipile, oswa mete divizyon. Soti nan yon apwòch sikanaliz, nou ka konprann pwosesis senbolizasyon an kòm mwayen kote moun projte afèk yo, dezi yo, ak konfli enkonsyan yo sou lòt moun oswa gwoup. Nan kontèks politik Ayiti, senbolizasyon vin sèvi pou konstwi imajinè kolektif la kote lòt la vin reprezantan tout sa ki mal oswa danjere. Diskou politik an Ayiti souvan ranfòse imajinè sosyal ki baze sou opoze: pèp fas a elit, moun nwa fas a milat, moun lavil fas a moun andeyò, moun nan mòn fas a moun lavil, timoun ak papa fas a timoun san papa,  nou fas a yo, elatriye.

Kijan sa mennen zak vyolans konkrè tankou sitiyasyon vyolans ki gen la konnya? Kisa sa di sou sistèm politik nou an?

Nan sikanaliz, senbolizasyon se kapasite pou mete pawòl sou eksperyans entèn (enkonsyan) ak konfli emosyonèl. Lè kapasite sa limite, moun souvan itilize pwojeksyon— mete sou lòt sa yo pa ka tolere anndan tèt yo. Nan politik Ayiti, lidè ak militan itilize diskou ki transfòme lòt la an senbòl menas, lènmi. Gwoup politik opoze yo pa jis gen lide diferan; kote an reyalite chak gwoup ap pwomote ide ak pwogram yo genyen (menm si souvan nou konn wè yo genyen kèk papye ki di si yo pran pouvwa men sa yo pwal fè). Nan dènye ane sa yo, diskou politik yo plis itilize senbòl ki reflete fistrasyon, lapèrèz, tout rayisman ayisyen ap viv. Sa ouvè chemen pou vyolans moral ak fizik.

Diskou politik an Ayiti se yon katalizè afektif ak vyolans. Lè diskou politik chaje ak senbòl negativite, li pa sèlman konstwi reyalite; li modifye fason kolektif la panse tou. Pawòl yo vin zam ki aktive kolè, rayisman, ak panik moral. Lè yon lidè itilize langaj ki pa konsidere lòt la kòm moun—tankou « chyen sal, prezidan vòlè », « malveyan », « enmi peyi a », —li ankouraje destriksyon. Se konsa diskou devni preparasyon pou agresyon, epi afèk kolektif la vire an aksyon destriktif.

Nou konstate nan dènye ane yo yon ogmantasyon eklatan nan kalite vyolans politik: gè gang, atak kont manifestan, asasina, asasina prezidan, menas kont defansè dwa moun. Men sa ki plis inkyetan, se jan sa vin nòmalize. Moun ap viv nan laperèz, yo adapte ak yon nivo vyolans ki t ap konsidere inakseptab nan lòt kote. Diskou politik ki pa janm kondane vyolans sa yo, men pito jistifye yo oswa pase yo sou silans, oubyen kondane yo selon kiyès ki viktim, vin fè kriz yo dire plis.

Nan vizyon sikanaliz, vyolans repete ki pa jwenn sans oswa rekonèt pa otorite vin kreye twoub mantal: depresyon, angwas, dezespwa, agresyon. Kominote ki ekspoze a diskou vyolan pèmanan ap devlope yon idantite ki baze sou defans ak sispisyon. Moun yo pa gen espas pou elabore doulè yo, pou mete mo sou sa yo santi. Sa mete danje pa sèlman pou chak grenn moun, men pou inyon ak tèt ansanm pèp la.

Refleksyon sikanalitik mande nou pase men serye sou diskou politik yo pa sèlman kòm zouti retorik, men kòm ekspresyon dezi, laperèz, ak konfli enkonsyan kolektif. Li enpòtan pou kreye espas kote moun ka elabore pawòl yo, ekspresyon afektif yo, san yo pa resorti a agresyon. Edikasyon pou kritik diskou, travay terapis kominotè, ak atelye dyalòg kapab ede retire valè destriktiv ki sou atachman ak senbòl rayisman yo. Se pa elimine diferans ki nesesè, men aprann jere yo san devwale lènmi ki pa egziste.

Pou n fini, diskou politik an Ayiti, jan li pratike souvan, se pa sèlman miwa kriz la; li se yonn nan prensipal motè li. Lè senbolizasyon pa sèvi pou mete sans, men pito pou fè reklam pou rayisman sou lòt, sosyete a vin bloke nan yon sik vyolans ki pa p fini. Se responsablite chak sitwayen, e plis toujou chak lidè, pou mete distans ak diskou destriktiv sa yo, epi ankouraje senbòl ki bati sou lapè, diyite, ak respè. Se sèlman konsa nou ka mete politik sou yon chemen terapi kolektif. 

Politik twò enpòtan pou nou kite nan men politisyen sèlman. 

Read Previous

SOLITUDE, ENTRE ENJEUX SOCIAUX ET RESSOURCE PERSONNELLE

Read Next

UNE DIASPORA DÉRACINÉE NAÎT, MARQUÉE PAR L’EXIL ET L’OUBLI DE SOI

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular